Articles

DANJE KI GENYEN NAN ITILIZE WiFi PIBLIK

Image
Kisa yon Wi-Fi piblik ye? Wi-fi piblik se tankou yon pon ki ba w aksè sou entènèt gratis. Ou ka jwenn Wi-Fi sa yo nan ayewopò, restoran, otèl, elatriye... Gen anpil moun ki pran plezi konekte sou yo san panse ak sa ki ka rive. Si w abitye tcheke kont bank ou, kat kredi w, tcheke imel ou, ben atik sa enpòtan pou ou, pou w evite fè sa yon lòt fwa. DANJE PA KONEKTE SOU WiFi PIBLIK Mwen ap kòmanse pale ak ou, si w konn abitye fè sa, ak konsèy sa: Toujou fè atansyon lè w ap konekte sou wifi piblik, oubyen pa konekte sou yo ankò. Gen anpil fay ki montre ke yon pirat ka kanpe nan mitan ou menm ak Wi-Fi ou konekte a, pou l pran tout enfòmasyon sansib ou yo, menm enfòmasyon ou panse ki kripte. Sa vle di, olye w panse w ap echanje enfòmasyon ak yon platfòm, se ba yon pirat enfòmatik w ap voye enfòmasyon sa yo. Se pa premye fwa mwen ap di moun pa konekte sou Wi-Fi ki piblik, ki pa sekirize. Mwen remake moun toujou kontinye fè sa. Kounya, olye mwen mande moun pa konekte sou ...